{"product_id":"9781479774838","title":"DEBLOZAY LANMOU","description":"DEBLOZAY LANMOU” se yon kokennchenn lanmou k ap djayi nan chak paj li, pou l kontinye bay lang kreyòl ayisyen an  jarèt. Jan Powèt la fè konnen nan tèks sa :       “Si lanmou m te ka mezire lapli;       Egzil mwen t ap pran longè    Yon powèm k ap sikile ladousè   Nan tout venn egzistans lanati.”   Se imaj ak anpil sans ki fè pwezi, lè yon powèt ekri e yo li sa l ekri a, chak moun ka gen yon santiman ki travèse yo ki ka diferan. Sa ap depann de sansibilite chak.    Yon powèt ka fè yon moun plezi, konsa tou li ka fè yon lòt ale nan yon lòt sans, ki donk ou gen dwa di sa ou vle, men ke-w vle ke-w pa vle ak «Deblozay Lanmou » pwoblèm sa rezoud. Paske chak grenn tèks k ap layite sou paj bèl rekèy powèm sa, s’on ponyen lonbray lanmou ki makonnen nan souf reyalite pèp ayisyen an. Ou menm ki gen liv sa a nan men w, ou pral pran plizyè powèm pou ou dedye pou tout kalite moun ki nan antouraj ou. Wa di-m te di w sa !","brand":"Xlibris US","offers":[{"title":"Default Title","offer_id":47177561276656,"sku":"9781479774838","price":3.99,"currency_code":"USD","in_stock":true}],"thumbnail_url":"\/\/cdn.shopify.com\/s\/files\/1\/0737\/7593\/9824\/files\/9781479774838_p0.jpg?v=1763618012","url":"https:\/\/shop-qa.barnesandnoble.com\/products\/9781479774838","provider":"Barnes \u0026 Noble (DEV)","version":"1.0","type":"link"}