Skip to product information
1 of 1

Delince Group, Inc.

Gen Pawol, Pa Gen Bouch: Yon koleksyon ti istwa Ayisyen

Gen Pawol, Pa Gen Bouch: Yon koleksyon ti istwa Ayisyen

Regular price $14.99 USD
Regular price Sale price $14.99 USD
Sale Sold out
Shipping calculated at checkout.
Quantity

GEN PAWOL PA GEN BOUCH, se yon kouch penso modenite nan literati Kreyol Ayisyen an. Nan koleksyon sa, Don D. William paret tankou yon ve lanp tou nef pou l prezante yon seri istwa touchan ki kapab transpese trou je yon lekte epi kanale desann jis nan fon ke l. Ak yon vokabile senp, men ki tre pisan, ote ap rive kapte atansayon lekte yo depi komansman chapit liv sa pou rive nan denye paj la. Vreman GEN PAWOL PA GEN BOUCH, se yon nouvo mouvman ki pran nesans nan literati Ayisyen an. Kek se kesyon move desizyon jan li dekri sa nan "LE W CHACHE, OU TWOUVE" oswa difikilte lanmou tankou "RENMEN MOUN KI RENMEN W", 21 chapit liv sa touche dives aspe nan kilti nou, tankou lanmou, desepsyon, enkyetid lavi pote, san konte konsekans aksyon n, elatriye. Pran ti chez ba w pou ou li liv sa ak ke kontan, w ap rejwi, w ap souri, w ap ri toutpandan w ap aprann anpil bel leson enpotan.

View full details